Psalms 103:19
Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.
Bib La
In The King James Version
The LORD hath prepared his throne in the heavens; and his kingdom ruleth over all.
In Context
18pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.
Cross References
1 Chronicles 29:11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
Psalms 2:4Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
Psalms 11:4Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.
Psalms 115:3Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.
Daniel 4:17Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè l' moute!
Daniel 4:34Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.