Psalms 103:22
Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi!
Bib La
In The King James Version
Bless the LORD, all his works in all places of his dominion: bless the LORD, O my soul.
In Context
21Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi!
Cross References
Psalms 104:1Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!
Psalms 145:10Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!
Psalms 146:1Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a!
Psalms 148:3Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!
Isaiah 42:10Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.
Isaiah 44:23Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.