Psalms 104:19
Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche.
Bib La
In The King James Version
He appointed the moon for seasons: the sun knoweth his going down.
In Context
18Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.
20Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.
Cross References
Deuteronomy 4:19Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
Job 38:12Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?
Psalms 19:6(019:7) Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay.
Psalms 136:7Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!