Psalms 104:24
Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.
25Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.
Cross References
Genesis 1:24Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase.
Nehemiah 9:6Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
Psalms 8:3(08:4) Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,
Psalms 40:5(040:6) Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
Psalms 65:11(065:12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!
Psalms 107:24Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè.