Psalms 104:26
Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'.
Bib La
In The King James Version
There go the ships: there is that leviathan, whom thou hast made to play therein.
In Context
25Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.
27Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.
Cross References
Genesis 7:18Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a.
Job 3:8Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an!
Psalms 74:14Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'.
Isaiah 27:1Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.