Psalms 105:12
Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
When they were but a few men in number; yea, very few, and strangers in it.
In Context
11Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo.
13Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.
Cross References
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Genesis 34:30Apre sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo: -Gade nan ki traka nou mete m'. Koulye a, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m'. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m', y'ap touye m' ansanm ak tout moun lakay mwen.
Deuteronomy 7:7Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun.
Isaiah 51:2Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m' te rele Abraram, li pa t' gen pitit. Mwen beni l', mwen ba li anpil pitit.
Acts 7:5Lè sa a, Bondye pa t' bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l' peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pa t' gen pitit.
Hebrews 11:12Se konsa, yon sèl nonm ki te tou fin mouri rive gen kantite pitit pitit moun pa ka konte: yo tankou zetwal nan syèl la, yo tankou grenn sab bò lanmè.