Psalms 105:23
Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.
Bib La
In The King James Version
Israel also came into Egypt; and Jacob sojourned in the land of Ham.
In Context
22Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.
24Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.
Cross References
Genesis 45:9Koulye a, prese tounen kay papa m'. Al di l': Men sa Jozèf, pitit gason l' lan, voye di l': Bondye mete m' chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize.
Genesis 46:6Yo pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo.
Genesis 47:6tout peyi Lejip la la devan ou. Chwazi pi bon tè nan peyi a, ba yo l' pou rete. Yo mèt rete sou tè Gochenn lan. Epi, si ou konnen gen nan mitan yo moun ki kapab pran swen bèt pa m' yo, ou mèt ba yo bèt mwen yo gade.
Joshua 24:4Apre sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezaou. Mwen bay Ezaou tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo.
Psalms 105:27Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.
Acts 7:11Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pa t' jwenn anyen pou yo te manje.