Psalms 105:34
Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.
Bib La
In The King James Version
He spake, and the locusts came, and caterpillers, and that without number,
In Context
33Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.
35Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo.
Cross References
Exodus 10:12Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite.
Exodus 10:15Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt.
Joel 1:4Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa.
Revelation 9:3Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon.