Psalms 105:6
Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!
Bib La
In The King James Version
O ye seed of Abraham his servant, ye children of Jacob his chosen.
In Context
7Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè.
Cross References
Exodus 3:6Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.
Deuteronomy 7:7Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun.
Psalms 105:43Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.
Psalms 135:4Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.
Isaiah 41:8Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!
Isaiah 44:1Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an.