Psalms 106:19
Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a.
Bib La
In The King James Version
They made a calf in Horeb, and worshipped the molten image.
In Context
18Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo.
20Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb.
Cross References
Exodus 32:4Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Exodus 32:35Seyè a te voye yon maladi sou pèp la pou pini l', paske yo te fòse Arawon fè estati yon ti bèf pou yo.
Deuteronomy 9:12Epi li di m' konsa: Leve non, desann mòn lan byen vit, paske pèp ou a, pèp ou te mennen soti kite peyi Lejip la, lage kò l' nan fè sa ki mal. Yo pa tann lontan pou yo kite chemen mwen te mete devan yo pou yo swiv la. Yo gen tan fonn metal, yo fè yon zidòl pou tèt pa yo.
Deuteronomy 9:21Mwen te pran estati ti towo bèf nou te fè ak move lide nan tèt nou an, mwen jete l' nan dife. Mwen mete l' nan yon pilon, mwen kraze l' an myèt moso, mwen fè l' tounen pousyè. Lèfini, mwen te jete pousyè a nan dlo larivyè ki desann soti nan mòn lan.
Acts 7:41Lè sa a, yo fè yon estati an fòm yon ti towo bèf, epi yo touye bèt ofri bay zidòl la. Yo te kontan pou sa yo te fè ak men yo a.