Psalms 106:32
Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.
Bib La
In The King James Version
They angered him also at the waters of strife, so that it went ill with Moses for their sakes:
In Context
31Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan.
33Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t' gen dwa fè.
Cross References
Numbers 20:2Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè. Pèp la sanble bò kote Moyiz ak Arawon, yo leve kont ak yo.
Numbers 20:13Se kote sa a yo rele sous Meriba a, paske se la moun pèp Izrayèl yo te leve kont ak Seyè a. Se la Seyè a te moutre yo li se yon Bondye ki pa tankou lòt bondye yo.
Numbers 27:13Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la.
Deuteronomy 3:26Men, se nou menm ki lakòz Seyè a te fache sou mwen, li refize tande m'. Li di m' konsa: Ase la! Pa janm vin pale m' bagay sa a ankò.
Psalms 78:40Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè!