Psalms 106:40
Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
39Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.
41Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.
Cross References
Leviticus 20:23Piga nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m' degoutans ak tout move bagay yo t'ap fè a.
Deuteronomy 9:29Men, se pèp ou yo ye! Yo rele ou pa ou! Se avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou ou te fè yo soti kite peyi Lejip.
Judges 2:14Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.
Judges 3:8Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.
Nehemiah 9:27Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.
Psalms 78:59Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.