Psalms 106:42
Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo.
Bib La
In The King James Version
Their enemies also oppressed them, and they were brought into subjection under their hand.
In Context
41Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.
Cross References
Judges 2:14Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.
Judges 10:12moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m'. Eske mwen pa t' delivre nou anba men yo lè sa a?
Nehemiah 9:28Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.