Psalms 107:11
paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo.
Bib La
In The King James Version
Because they rebelled against the words of God, and contemned the counsel of the most High:
In Context
12Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men.
Cross References
1 Samuel 2:5Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pa t' ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen.
2 Chronicles 33:10Seyè a te pale ak Manase ansanm ak pèp li a, men yo derefize koute l'.
Psalms 68:6(068:7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon.
Psalms 73:24Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.
Psalms 106:7Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.
Psalms 113:7Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.