Psalms 107:2
Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,
Bib La
In The King James Version
Let the redeemed of the LORD say so, whom he hath redeemed from the hand of the enemy;
In Context
1Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!
Cross References
Exodus 15:16Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase!
Deuteronomy 15:15Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.
Psalms 106:10Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo.
Isaiah 35:9P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò!
Isaiah 44:22Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.
Isaiah 63:4Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive.