Psalms 107:20
Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.
Bib La
In The King James Version
He sent his word, and healed them, and delivered them from their destructions.
In Context
19Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
21Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
Cross References
Numbers 21:8Seyè a di Moyiz konsa: -Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l' sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri.
2 Kings 20:5—Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a.
Job 33:24Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.
Psalms 30:2(030:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.
Psalms 30:4(030:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.
Psalms 56:13(056:14) Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.