Psalms 107:4
Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.
Bib La
In The King James Version
They wandered in the wilderness in a solitary way; they found no city to dwell in.
In Context
5Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò.
Cross References
Genesis 21:14Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l' mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l' ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a.
Numbers 32:13Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.
Deuteronomy 32:10Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l', li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li.
Psalms 107:40Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,
Ezekiel 34:12Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen.
Revelation 12:6Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l' manje pandan mildesanswasant (1.260) jou.