Psalms 107:8
Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.
Cross References
Deuteronomy 5:29Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo.
Psalms 34:3(034:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
Psalms 78:4Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
Psalms 92:1(092:1) Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (092:2) Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
Psalms 107:21Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
Psalms 111:4Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.