Psalms 108:6
(0108:7) Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
Bib La
In The King James Version
That thy beloved may be delivered: save with thy right hand, and answer me.
In Context
5(0108:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
Cross References
Deuteronomy 33:12Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo.
1 Kings 18:24y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Seyè a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout pèp la reponn: -Nou dakò!
1 Kings 18:29Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
2 Chronicles 32:20Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou.
Psalms 54:1(054:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (054:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (054:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!
Psalms 60:5(060:7) Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.