Psalms 109:12
Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.
13Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
Cross References
Job 5:4Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal.
Isaiah 9:17Se poutèt sa, Seyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.
Isaiah 27:11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.
Luke 6:38Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
James 2:13Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.