Psalms 109:13
Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
Bib La
In The King James Version
Let his posterity be cut off; and in the generation following let their name be blotted out.
In Context
12Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.
Cross References
Deuteronomy 9:14Kite m' fè sa m'ap fè a non! Mwen pral disparèt yo nèt pou pesonn sou latè pa janm chonje te gen moun sa yo. Men ou menm, m'ap ba ou pitit ki va vin zansèt yon nasyon k'ap pi gran, k'ap pi fò pase yo.
Deuteronomy 29:20Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.
1 Samuel 3:13Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen.
2 Kings 10:10Sa vle di Seyè a pa nan pale mete la. Tou sa li te di sou fanmi Akab la te fèt pou rive vre. Se Seyè a menm ki fè tou sa rive jan li te di sa nan bouch Eli, sèvitè l' la.
Job 18:17p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a.
Psalms 21:10(021:11) W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm.