Psalms 109:25
Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.
Bib La
In The King James Version
I became also a reproach unto them: when they looked upon me they shaked their heads.
In Context
24Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!
26Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.
Cross References
Job 16:4Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.
Psalms 22:7(022:8) Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.
Psalms 31:11(031:12) Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen.
Psalms 69:9(069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.
Psalms 69:19(069:20) Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.
Matthew 27:39Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.