Psalms 110:3
Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
Cross References
Judges 5:9Mwen kontan chèf k'ap kòmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y' al goumen! Lwanj pou Seyè a!
Nehemiah 11:2Pèp la te fè lwanj tout moun ki te ofri tèt yo pou yo rete lavil Jerizalèm.
Psalms 29:2Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
Ezekiel 43:12Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan.
Acts 1:8Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Acts 2:41Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.