Psalms 111:7
L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo.
Bib La
In The King James Version
The works of his hands are verity and judgment; all his commandments are sure.
In Context
6Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.
8Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
Cross References
Deuteronomy 32:4Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
Psalms 19:8(019:9) Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
Psalms 89:14(089:15) W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
Psalms 98:3Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.
Psalms 119:86Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!
Psalms 119:151Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.