Psalms 111:9
Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!
Bib La
In The King James Version
In Context
8Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
Cross References
Exodus 15:11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
Deuteronomy 15:15Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.
2 Samuel 23:5Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.
Psalms 89:7(089:8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
Psalms 99:5Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye!
Psalms 111:5Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.