Psalms 112:8
Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo.
Bib La
In The King James Version
His heart is established, he shall not be afraid, until he see his desire upon his enemies.
In Context
7Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a.
Cross References
Psalms 27:14Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!
Psalms 37:34Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.
Psalms 59:10(059:11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.
Psalms 92:11(092:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.
Psalms 118:7Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo.
Hebrews 13:9Pa kite tout kalite lòt pawòl moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an. Li pi bon pou kè nou lè fòs nou pa soti nan sa nou manje ak sa nou pa manje, men nan renmen Bondye gen pou nou an. Paske moun k'ap gade sou manje pa janm jwenn okenn benefis.