Psalms 113:1
Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li!
Bib La
In The King James Version
Praise ye the LORD. Praise, O ye servants of the LORD, praise the name of the LORD.
In Context
2Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan.
Cross References
Psalms 34:22(034:23) Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.
Psalms 103:20Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a!
Psalms 134:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
Psalms 135:20Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li!
Ephesians 5:19Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.