Psalms 114:4
Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
Bib La
In The King James Version
The mountains skipped like rams, and the little hills like lambs.
In Context
3Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
Cross References
Exodus 19:18Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
Judges 5:4Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo.
Psalms 29:6Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
Psalms 68:16(068:17) Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan.
Micah 1:3Seyè a ap soti kote li rete a, l'ap desann, l'ap mache sou tèt mòn yo.
Habakkuk 3:6Lè l' kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, moun tout nasyon gen kè kase. Mòn ki la depi lontan yo kraze an miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan l'.