Psalms 115:12
Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
13L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran.
Cross References
Genesis 8:1Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.
Exodus 2:24Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.
Psalms 25:7Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!
Psalms 135:19Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a!
Isaiah 44:21Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou!
Acts 3:26Se konsa Bondye fè sèvitè l' la parèt, li voye l' ban nou anvan pou l' beni nou, pou l' fè nou tout kite mechanste nou yo.