Psalms 115:3
Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.
Bib La
In The King James Version
But our God is in the heavens: he hath done whatsoever he hath pleased.
In Context
2Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an?
4Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Cross References
Job 23:13Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?
Psalms 68:4(068:5) Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
Psalms 123:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
Daniel 4:35Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!
Romans 9:19Koulye a, n'a mande m': Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye?