Psalms 115:9
Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
Bib La
In The King James Version
O Israel, trust thou in the LORD: he is their help and their shield.
In Context
8Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
Cross References
Deuteronomy 33:29Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Seyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l' fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè lògèy yo a anba pye nou.
Psalms 37:3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
Psalms 84:11(084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
Psalms 118:4Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Psalms 130:7Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
Psalms 135:20Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li!