Psalms 116:17
M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.
Bib La
In The King James Version
I will offer to thee the sacrifice of thanksgiving, and will call upon the name of the LORD.
In Context
Cross References
Leviticus 7:12Si yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, l'a ofri yon bèt pou yo touye epi ansanm avè l' l'a pote gwo pen fèt ak farin san ledven melanje ak lwil oliv, pen plat san ledven avèk lwil oliv pase sou li, epitou gato fèt ak flè farin melanje ak lwil oliv.
Deuteronomy 12:11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
Psalms 107:22Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.
Acts 2:42Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.