Psalms 116:5
Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.
Bib La
In The King James Version
Gracious is the LORD, and righteous; yea, our God is merciful.
In Context
4Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!
6Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.
Cross References
Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Nehemiah 9:8Lè ou wè li te soti pou l' kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l'. Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti.
Nehemiah 9:31Men, ou sitèlman gen bon kè, ou pa fin detwi yo nèt, ou pa lage yo nèt ale. Paske ou se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun!
Psalms 86:5Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Psalms 103:8Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
Psalms 115:1Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!