Psalms 118:5
Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'.
Bib La
In The King James Version
I called upon the LORD in distress: the LORD answered me, and set me in a large place.
In Context
4Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
6Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?
Cross References
Genesis 32:7Jakòb te pè anpil. Li te boulvèse. Li pran moun ki te avè l' yo, li fè yo fè de pòsyon. Li fè menm bagay la ak mouton, bèf, chamo li te genyen yo.
1 Samuel 30:6David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.
Psalms 18:19(018:20) Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen.
Psalms 31:8(031:9) Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'.
Psalms 77:2(077:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
Psalms 107:19Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.