Psalms 119:1
Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!
Bib La
In The King James Version
Blessed are the undefiled in the way, who walk in the law of the LORD.
In Context
2Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!
Cross References
2 Samuel 22:22Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.
2 Chronicles 31:20Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a.
Job 1:8Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen.
Psalms 32:1Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo!
Psalms 101:6M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen.
Psalms 128:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!