Psalms 119:10
Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.
Bib La
In The King James Version
With my whole heart have I sought thee: O let me not wander from thy commandments.
In Context
9Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.
11Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.
Cross References
2 Chronicles 15:15Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pesonn pa fòse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyè a. Seyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo.
Psalms 78:37Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo.
Psalms 119:21Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.
Psalms 119:58M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.
Psalms 119:118Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.
Psalms 119:176Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.