Psalms 119:110
Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo.
Bib La
In The King James Version
The wicked have laid a snare for me: yet I erred not from thy precepts.
In Context
109Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.
111Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.
Cross References
Psalms 10:8Li kache kò l' nan ti bouk yo, l'ap pare tann inonsan yo pou l' touye yo an kachèt. L'ap veye moun ki san defans.
Psalms 57:7(057:8) Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.
Psalms 119:21Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.
Psalms 119:85Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.
Psalms 119:95Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.
Psalms 140:5(0140:6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.