Psalms 119:112
Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.
Bib La
In The King James Version
I have inclined mine heart to perform thy statutes alway, even unto the end.
In Context
111Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.
113Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.
Cross References
1 Kings 8:58Se pou li fè nou pa janm bliye l' pou nou ka toujou fè volonte l' nan tout sa n'ap fè, pou nou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li te bay zansèt nou yo.
Ezra 7:10Esdras te pase tout tan li ap etidye lalwa Seyè a. Li t'ap swiv tou sa ki ladan l'. Li t'ap moutre pèp Izrayèl la tout lòd ak tout regleman Seyè a.
Psalms 119:33Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba.
Psalms 119:44M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.
Proverbs 2:2Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.
1 Peter 1:13Se poutèt sa, konnen byen sa nou pral fè. Mete tèt nou an plas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.