Psalms 119:126
Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.
Bib La
In The King James Version
It is time for thee, LORD, to work: for they have made void thy law.
In Context
125Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo.
127Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.
Cross References
Genesis 22:14Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li.
1 Kings 19:10Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
Psalms 102:13(0102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
Isaiah 42:14Bondye di: -Gen lontan depi m' fèmen bouch mwen! Mwen pa di anyen, mwen kenbe pou m' pa pale. Men koulye a, mwen tankou yon fanm ki gen tranche. M'ap rele, m'ap plenn, souf mwen ap koupe, mwen pa kapab ankò.
Habakkuk 1:4Lalwa a la, li pa sèvi anyen. Ou pa ka jwenn jistis. Mechan yo ap kraze moun k'ap mache dwat. Lajistis devan dèyè.
Matthew 15:6moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.