Psalms 119:132
Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo!
Bib La
In The King James Version
Look thou upon me, and be merciful unto me, as thou usest to do unto those that love thy name.
In Context
131Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo.
133Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.
Cross References
Exodus 4:31Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.
2 Samuel 16:12Nou pa janm konnen, Seyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m' benediksyon nan plas madichon l'ap ban m' jòdi a.
Psalms 25:16Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.
Psalms 106:4Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo.
Isaiah 63:7M'a chante pou m' fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.