Psalms 119:137
Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.
Bib La
In The King James Version
Righteous art thou, O LORD, and upright are thy judgments.
In Context
136Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
138Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
Cross References
Ezra 9:15Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!
Psalms 99:4Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.
Psalms 145:17Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
Daniel 9:7Ou menm, Seyè, tou sa ou fè dwat. Men, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm, tout moun nan pèp Izrayèl ou te gaye nan peyi pre ak peyi lwen yo, se wont nou toujou wont sa nou fè, tankou jòdi a, paske nou pa t' kenbe pawòl nou avè ou.
Romans 2:5Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.
Romans 9:14Bon, kisa sa vle di? Bondye gen lè ap fè lenjistis? Men non.