Psalms 119:144
Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.
Bib La
In The King James Version
The righteousness of thy testimonies is everlasting: give me understanding, and I shall live.
In Context
143Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.
145M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.
Cross References
Psalms 19:9(019:10) Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri.
Psalms 119:34Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.
Psalms 119:73Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.
Psalms 119:151Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
Psalms 119:169Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.
Proverbs 7:2Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou.