Psalms 119:147
Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.
Bib La
In The King James Version
I prevented the dawning of the morning, and cried: I hoped in thy word.
In Context
146M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!
148Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.
Cross References
Psalms 5:3(05:4) Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
Psalms 42:8(042:9) Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
Psalms 57:8(057:9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve!
Psalms 88:13(088:14) Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
Psalms 119:43Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
Psalms 119:81Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.