Psalms 119:173
Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!
Bib La
In The King James Version
Let thine hand help me; for I have chosen thy precepts.
In Context
172Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.
174Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.
Cross References
Joshua 24:15Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.
1 Kings 3:11Li di l' konsa: -Monchè, ou pa mande m' pou ou viv lontan, ou pa mande m' richès, ni ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m' yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri.
Psalms 37:24Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.
Psalms 119:35Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.
Psalms 119:94Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.
Psalms 119:117Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè.