Psalms 119:18
Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.
Bib La
In The King James Version
Open thou mine eyes, that I may behold wondrous things out of thy law.
In Context
17Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.
19Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.
Cross References
Psalms 119:96Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.
Isaiah 29:18Jou sa a, moun soudè yo va tande pawòl y'ap li nan liv. Avèg yo ki t'ap viv nan fènwa va louvri je yo, y'a wè.
Isaiah 35:5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
Matthew 13:13Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann.
Matthew 20:33Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò.
Acts 26:18pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.