Psalms 119:19
Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.
Bib La
In The King James Version
I am a stranger in the earth: hide not thy commandments from me.
In Context
18Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.
20Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.
Cross References
1 Chronicles 29:15Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri.
Psalms 39:12(039:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.
Psalms 119:10Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.
Luke 9:45Men, disip yo pa t' konprann pawòl la; sans li te kache pou yo, yo pa t' ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pè poze l' keksyon sou sa tou.
2 Corinthians 5:6Se pou sa, nou toujou gen gwo kouraj. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Seyè a toujou.
1 Peter 2:11Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.