Psalms 119:29
Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.
Bib La
In The King James Version
Remove from me the way of lying: and grant me thy law graciously.
In Context
28Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la.
30Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.
Cross References
Psalms 119:5Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!
Psalms 119:104Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.
Psalms 119:163Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.
Proverbs 30:8Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la.
Jeremiah 16:19Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.
Jonah 2:8Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.