Psalms 119:4
Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.
Bib La
In The King James Version
Thou hast commanded us to keep thy precepts diligently.
In Context
3Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.
5Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!
Cross References
Exodus 7:6Moyiz ak Arawon te fè tou sa Seyè a te ba yo lòd fè. Wi, yo fè tou sa li te di yo fè a.
Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Deuteronomy 6:3Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.
Deuteronomy 11:13Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou,
Deuteronomy 12:32Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.
Deuteronomy 30:16Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.