Psalms 119:67
Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.
Bib La
In The King James Version
Before I was afflicted I went astray: but now have I kept thy word.
In Context
68Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.
Cross References
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
2 Samuel 11:2Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil.
Psalms 73:5Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.
Psalms 119:75Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.
Proverbs 1:32Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou.
Jeremiah 31:18Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.