Psalms 119:68
Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.
Bib La
In The King James Version
Thou art good, and doest good; teach me thy statutes.
In Context
67Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.
69Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.
Cross References
Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Psalms 86:5Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Psalms 107:1Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!
Psalms 119:26Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè.
Isaiah 63:7M'a chante pou m' fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.
Matthew 19:17Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo?